BARSS pou Ayiti

Bertil's Analytics Research Sciences & Sorceries

Rechèch la, rapò a, ak sit ki pote tout bagay la.

BARSS se yon ti atelye k ap fè travay pifò òganizasyon k ap travay ann Ayiti pa ka peye kat konpayi diferan pou fè : rechèch ki dèyè desizyon an, rapò bayè fon an ap aksepte tout bon an, etid mache ki di w si bagay la ka mache, ak sitwèb trileng ki pote tout bagay la. Yon sèl moun, senk metye, epi tout sa nou fè vin pou ou nèt.

Livre An sèvis
Sitwèb nou desine epi batiDesen, konstriksyon, mete anliy, remèt 6
Paj ki anliySou sis sit sa yo 118
Rapò ak pwodwi done ki pibliyeAchiv piblik 162
Lang nou livreSe pa tradiksyon machin EN · FR · HT
Sous done ki konekteBank Mondyal, ICIJ, OFAC, GDELT, HDX 5
Toujou anliy epi ann antretyen Tout

Nou konte chif sa yo nan depo piblik yo, nou pa estime yo. Chak sit ki nan lis la ap mache jodi a sou yon domèn kliyan an kontwole, ak tout kòd sous la epi eskrip antretyen yo remèt.

162Rapò pibliye
118Paj an sèvis
3Lang nou livre
21Peyi nan baz done a

Sa nou fè

Senk metye. Chak nan yo fini ak yon bagay ou ka sèvi lendi maten.

Done

Done ak rechèch

Kesyon ki dèyè desizyon an, ak sous ou ka verifye. Baz ekonomik, rechèch sou antrepriz ak rezo, done sou deplasman ak finansman, epi baz done nou bati sou mezi pwogram ou.

Detay ak sa w resevwa
Rapò

Rapò enpak

Pwogram ou an gen done yo. Li pa gen rapò bayè fon an ap aksepte a. Nou bati kad mezi a, nou travay chif yo, nou fè dokiman an, epi nou kite modèl la pou ou pou pwochen sik la koute yon ti kras sèlman.

Detay ak sa w resevwa
Mache

Etid mache

Konnen si bagay la ap mache anvan ou depanse. Gwosè mache a, fezabilite, konbyen moun ka peye, demann dyaspora a, konkirans, pri... ak yon rekòmandasyon ekri, se pa yon pil "petèt".

Detay ak sa w resevwa
Sitwèb

Desen ak konstriksyon sitwèb

Sit ki chaje sou yon telefòn ak move koneksyon, nan lang piblik ou a li vre. Nou desine yo, nou bati yo, nou mete yo anliy, epi nou remèt ou kòd la ak eskrip yo. Pa gen lwaye CMS, pa gen ajans pou w depann de li.

Detay ak sa w resevwa
Konsèy

Konsèy ak sistèm

Pwoblèm estriktirèl yo : ki jan lajan an monte, si patnè a se moun li di li ye a, ki jan lajan sikile san li pa pran nan pwoblèm deziyasyon, epi ki jan pou w sòti operasyon an nan bwat imel pèsonèl yon sèl moun.

Detay ak sa w resevwa

Ki moun ki anplwaye BARSS

Òganizasyon k ap fè vrè travay, san bidjè pou kat konpayi.

  • Òganizasyon kominotè ak koperativ
  • ONG ak antrepriz sosyal ki dwe rann kont bay bayè fon
  • Fondasyon ak bayè fon k ap mete lajan ann Ayiti
  • Asosyasyon ak kanpay dyaspora
  • Moun k ap konsevwa epi dirije pwogram
  • Sal nouvèl, chèchè, ak kowalisyon plèdwaye